ENPÒTANS MANGO POU SANTE
Mango se yon fwi twopikal ki soti nan pye mango. Li gen yon po ki ka vèt, jòn, oswa wouj, epi andedan li gen yon chè ki dous ak ji. Nan mitan fwi a gen yon gwo grenn.
Karakteristik mango:
Li gen anpil vitamin A ak vitamin C
Gou li dous, pafwa yon ti kras tounen si li poko mi.
Yo ka manje li fre, fè ji, smoothie, oswa desè. Mango grandi anpil nan peyi ki cho, tankou nan Haiti, India, ak Mexico.
An Ayiti gen plizyè kalite Mango. Chak gen gou, fòm, ak koulè pa yo. Men kèk nan mango ki pi koni yo:
1. Mango Fransik
Yo rele li tou mango fransik
Li long, koulè jòn lè li mi
Li trè dous, gen ti fib
Se youn nan mango Ayiti ekspòte plis ale nan Etazini.
2. Mango Fil
Li gen anpil fil andedan
Gou li bon men pafwa li pi difisil pou manje paske fil yo.
3. Mango Blan
Li gen po ki pi klè
Li dous anpil, epi li gen ti fil oswa pafwa pa gen anpil.
4. Mango Batis
Li gwo, epi li gen bon sant
Gou li dous epi li gen ti kras fil.
5. Mango Kòn
Pi piti pase kèk lòt
Li gen bon gou, anpil moun renmen li.
Mango yo se youn nan fwi ki pi enpòtan nan Ayiti, epi sezon mango anjeneral kòmanse anviwon mas rive jiyè.
✅ Ranfòse iminite
Mango rich an vitamin C ak vitamin A ki ede kò a konbat enfeksyon.
✅ Bon pou je
Vitamin A ki nan mango ede pwoteje vizyon epi kenbe je yo an sante.
✅ Amelyore dijesyon
Mango gen fib ak anzim natirèl ki ede lestomak dijere manje pi byen.
✅ Bon pou po
Antioksidan ki nan mango ede kenbe po a bèl, lis, ak jèn.
✅ Bay enèji natirèl
Sik natirèl mango bay kò a enèji rapid san li pa lou pou lestomak.
Ajoute mango nan asyèt ou pou plis vitamin, plis enèji, ak plis sante chak jou.





